vendredi 25 août 2017

Gen lespwa

Li te minwi yèswa pandan mwen t ap fè yon ti vire nan lari Petyonvil. Sou wout la mwen te oblije kanpe plizyè fwa oubyen ralanti machin nan pou mwen te pase anpil kote ki te gen plizyè travayè Ministè Travo Piblik ak Elektrisite d Ayiti ki t ap travay pou repare wout ak poto elektrik. Malgre li te ta anpil travayè Ministè Travo Piblik yo te parèt byen motive pou fè travay yo.

Lè m leve maten an mwen jwenn anpil wout repare nan petyonvil. E lè m chèche konnen plis mwen jwenn temwayaj lòt moun nan lòt zòn ki di m se menm bagay la pou bò lakay yo. Ala bèl bagay se sèvis piblik! Travay sa yo pwouve detèminasyon ak bon volonte Administrasyon politik prezidan Jovenel Moise la pou li bay pèp la plis sèvis, pou li fè lespwa devlopman boujonnen sou peyi d Ayiti.
Devlopman ak pwogrè yon peyi pa ka fèt sèlman yon bon maten. Sa mande anpil tan, pasyans ak jefò. E se eksperyans sa a Ayiti Toma ap fè kounye a avèk prezidan Jovenel Moise. Youn nan pi bon desizyon Prezidan an pran nan enterè peyi a se lè li repare tout materyèl CNE yo sa ki pèmèt li reaktive kèk izin Asfalt Leta ayisyen genyen. Sa pèmèt Leta ayisyen ekonomize anpil kòb sou 1 kilomèt wout ki te toujou koute nou 1 milyon dola ameriken.

Avèk prezidan Jovenel Moise mwen kwè Ayiti sou bon wout devlopman. An nou pote kole avèk prezidan an ! An nou pa kite pyès moun, pyès sektè vin kreye enstabilite pou fè Ayiti rate ti okazyon chanjman saa ak Prezidan Jovenel Moise.

Me Patrick Georges
Sitwayen angaje pou chanjman Ayiti


Aucun commentaire:

Enregistrer un commentaire